Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Lidè Pwotestan yo ann Aksyon


Tandiske peyi d Ayiti ap prepare yon seri eleksyon ki fikse pou ane 2005 la, dirijan Legliz yo ap miltipliye efò yo pou fidèl kretyen yo ka pran responsablite yo e patisipe nan “processus” la nan tout nivo.

Nan lokal Haitian Evangelical Crusade Association [HECA] nan zòn Lake Worth, nan eta Florid, yon forum entènasyonal lidè kretyen ak kad sosyo-politik milye pwotestan ayisyen an tanmen aswè 27 janvye a, pou fasilite, dapre òganizatè yo, yon espas refleksyon ak deba sou sitiyasyon Ayiti jounen jodi a ak avni politik, ekonomik ak sosyal peyi sila a. Echeyans elektoral 2005 la ap trè prezan nan deba yo, dapre sa nou aprann nan men kèk responsab. Nou envite Doktè Matthieu Jean-Baptiste ak Reveran Pasteur Chavannes Jeune pale nou plis de forum sila a.

Pa bliye, forum entènasyonal lidè kretyen ak kad sosyo-politik nan milye pwotestan ayisyen an, ap fèt soti 27 pou rive 29 janvye sa a, nan lokal Asosyasyon Kwazad Evanjelik Ayisyèn, Lake Work, Florid.

Klike sou lyen ki anlè tèks sa a pou w ka tande kòmantè envite nou yo.

XS
SM
MD
LG