Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 1/27/05


Tennis/ Australie

Ameriken Serena Williams kalifye pou final tounwa tenis Gran Shelem Ostrali a apre li remonte yon defisi pou l kale Rus Maria Sharapova an 3 manch 2-6, 7-5, 8-6. Serena pral rankontre ak numewo tenis mondyal feminen-an ameriken Lindsay Davenport ki elimine franse Nathalie Dechy 2-6, 7-6, 6-4. Bò kote mesye Swis Roger Federer ap rankontre an semi final Rus Marat Safin.

NBA

Poenix Suns ranpòte 3 zièm viktwa afile l nan NBA apre yo te monte yon maswife fas a Milwaukee Bucks 121 a 115. Washington Wizards kontinye ap byen men-nen nan chanpyona a. Wizards yo ranpòte yon viktwa fas a Philadelphia 76ers 117 a 107. Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa de justès devan Memphis Grizzlies 114 a 111. Los Anjeles Clippers pat rankontre twòp difikilte pou l kale Los Anjeles Lakers 105 a 89 pandan ke Houston Rockets danse sou New Orleans Hornets 82 a 77. Miami Heat geri bosko l sou Toronto Raptors 111 a 96 san bliye Boston Celtics vannen Indiana Pacers 100 a 86. Univèsite Maryland suprann bonanj Duke Univèsite nan Durham Nork Carolina.

CONCACAF / Coup D’or

Responsab yo nan KONKAKAF la seleksyone 7 stad nan 6 vil ameriken ki pral akeyi 25 match koup dò KONKAKAF la soti 6 pou rive 24 Juyè. Stad yo situe nan Carson ak Los Anjeles an Califòni, Houston Tekzas, Giant Stadium nan New York, Orange Bowl nan Miami, Gillette Stadium nan Foxboro, Massachussets. Semi final ak final la ap dewoule nan Giant Stadium tou pre vil New York. Yon total 10 peyi kap soti nan zòn KONKAKAF la an plis de Afrik du Sud ak yon lòt envite ap patisipe nan 8 edisyon konpetisyon an.

Atletico de Madrid/ Football

Responsab klub Football Espayòl Atletiko de Madrid dakò pou prete Machester City sèvis Kiki Musampa. Si Kiki pase ekzamen fizik la msye kapab kòmanse antrene jodi a menm e komanse woule balon nan rankont Manchester City gen pou jwe kont Newcastle 2 Fevriye.

Natasyon / Record du Monde

Najè Sud Afriken Ryk Neethling bat yon rekò kout distans 100 mèt nan koup du mond Natasyon kap dewoule nan Moscou.

Haiti / Judo

Lig Judo Depatman de Lwès la òganize yon konpetisyon judo pandan semen nan ak patisipasyon yon senkantèn atlèt fanm tankou gason. Varioto Tibert domine kategori 81 kilo a, Yves Florestal ranpòte kategori 90 kilo, Hanz Kastel kategori 73 kilo epi Josue Desprez nan kategori 66 kilo. Nan kategori feminen jwen Mathilde Saint Hilaire ki ranpòte kategori 57 kilo a-- yon kourye Mettelus Alfred.

XS
SM
MD
LG