Accessibility links

Breaking News

Klas Politik Ayiti a Ap Tann Piblikasyon Dekrè Elektoral la


Klas politik la nan peyi d Ayiti ap tann piblikasyon Dekrè Elektoral la ke gouvènman an anonse pou semèn sa a. Deja, moun kapab santi aktivite yo ap ogmante bò kote kèk gwoupman politik ki vle sonde teren an e fè konnen pwogram yo ak posib kandida yo.

Nan dezyèm vil Ayiti a, Kap-Ayisyen, Yvan Martin Jasmin di nou Gwoup Refleksyon sou Ayiti a, GREH, ki gen alatèt li ansyen kolonèl Himmler Rébu, te nan depatman Nò a pandan weekend 22 janvye a. Klike sou lyen anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj li a ansanm ak kòmantè Kolonèl Rébu sou enfliyans kominote entènasyonal la ta kapab egzèse nan eleksyon 2005 yo.

XS
SM
MD
LG