Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te envite kèk espesyalis nan kesyon politik suiv mesaj Prezidan Bush t'ap pwononse apre li te prete sèman jedi 20 janvye 2005 la. Pami yo gen Robert Benodin, yon analis politik ki nan Orlando, Florid; epi gen Robert Fatton ki se pwofesè nan University of Virginia.
Msye Benodin te reponn kesyon nou andirèk apre diskou msye Bush la, tandiske Pwof. Fatton te pami moun Jacquelin Bélizaire te rankontre pou analize enpak dezyèm manda Bush la ka genyen sou rejyon Amerik yo, prensipalman sou peyi d Ayiti.
Klike sou lyen ki anlè atik sa a pou w ka tande kòmantè yo.