Accessibility links

Breaking News

Anba Gwo Mezi Sekirite Prestasyon Sèman Prezidan Bush Ap Fèt Jodi a


Prezidan Bush pral prete sèman pou yon dezyèm manda a midi-sonan jodi 20 janvye a, selon sa ki ekri nan manman lwa peyi Etazini. Seremoni pretasyon sèman an ap dewoule nan lokal Asanble Nasyonal la (Kapitòl la), e se la tou msye Bush pral pwononse yon diskou enpòtan pou li ekspoze grand liy pwogram ni pou katran kap vini yo.

Preparatif ap fèt depi kèk jou pou evènman sila a, isit Washington, DC. Madi ak yè mèkredi a, te gen divès manifestasyon kiltirèl ak patriyotik pou sèvi kòm "prélude", kòm avangou pou seremoni jodi a.

Yè swa, kèk èdtan apre lanèj te fin tonbe sou Washington, e malgre yon gwo fredi, prezidan an ak madanm ni e lòt diyitè nan pouvwa a te prezan sou yon plas toupre Lamezon Blanch pou yon konsè “en plein air”. Nan diskou msye Bush te fè nan sikonstans la, li te ofri yon priyè pou peyi a ak sila yo ki “sous les drapeaux”---kit se isit, kit se ann Irak, ann Afghanistan, ak lòt kote. Msye Bush deklare, “Nap priye pou sòlda n' yo ak fanmi yo. E aswè a, tandiske nap selebre benediksyon nou resevwa, sètadi libète nou, Lamerik ap onore espri sèvis ki pèmèt nasyon nou an rete fò e lib.”

Se premye enstalasyon yon prezidan kap fèt Ozetazini depi atanta teroris 11 septanm 2001 yo. Sa eksplike poukisa nivo sekirite a wo konsa ane sa a. Plizyè milye sòlda ak polisye sou brenzeng yo, anpil wout bloke, avyon ap fè patwouy nan syèl Washington, batri misil anti-ayeryen poste nan kèk kafou, e anpil kontwòl ap fèt sou moun ki nan zòn seremoni yo, pou prevni tout move zak. Tankou msye Bush di li yè swa, reyalite peyi a chanje depi 3 zan, men lè a rive kounye a pou Ameriken yo gade devan.

XS
SM
MD
LG