Accessibility links

Breaking News

Klas Politik Ayiti a Kritike Yon Deklarasyon Luigi Einaudi


Nan peyi d Ayiti, klas politk la reyaji kont deklarasyon 2èm pèsonalite nan l’OEA a, anbasadè Luigi Enaudi, te fè kote li ta swadizan swete ke òganizasyon rejyonal la al pran tèt travay kap fèt pou òganize eleksyon an Ayiti.

Yon lòt kote, nan Jakmèl, ansyen militè yo pa kontan ditou ak anons gouvènman an fè pou l di se jous nan mwa mas la li pral ba yo pwochen vèsman dedomajman li te pwomèt yo anvan fèt Nwèl la.

Anfen, nan vil Gonayiv, anplwaye lakomin yo mete yon mouvman pwotestasyon sou pye pou yo mande Depatman Enteryè peye yo salè yo pa touche depi pliyzè mwa.

Si ou klike sou lyen ki anlè atik sa a, w ap ka koute 2 repòtaj: Renan Toussaint depi Pòtoprens ak Jean Martinez, depi Jakmèl.

XS
SM
MD
LG