Accessibility links

Breaking News

Palestinyen yo Eli Mahmoud Abbas (Abou Mazen) Kòm Nouvo Prezidan yo


Apre viktwa Mahmoud Abbas nan eleksyon palestinyèn yo dimanch 9 janvye a, tout analis yo dakò pou di gen anpil defi k’ap tann “successeur” Yasser Arafat la. Prezidan Konsèy Elektoral palestinyen an, Hanna Nasser, anonse rezilta depouyman an jodi a e li konfime viktwa kare bare Mahmoud Abbas, alyas Abou Mazen, ranpòte nan premye eleksyon ki fèt pou prezidan teritwa yo depi 9 an. Msye Abbas ranpòte 62,9 pousan vwa, yon ti kras mwens pase sa sondaj yo te prevwa yè dimanch la, men ase kanmenm pou nou kalifye viktwa a tankou yon viktwa lavalas. Rival ki pi pre l’ la, militan dwa moun Mustafa Barghouti, fini ak prèske 20 pousan, tandiske 5 lòt kandida yo pataje rès bilten yo.

A 69 an, Abou Mazen ka pa gen tout fòs karaktè, tout karism, lidè li pral ranplase a, Abou Abbas. Se te ti non Yasser Arafat. Men sanble se lidè pifò Palestinyen kwè ki bon pou mennen bak peyi a, anvan menm peyi sa a jwenn rekonesans kòm yon peyi vre. Tout moun kwè Mahmoud Abbas se yon eleman pragmatik, yon modere ki byen rezone, ki kont vyolans, men tou ki sèmante li pap bliye dwa Palestinyen yo genyen e dwe genyen nan negosyasyon ak eta Ebre a. Reyaksyon yo pozitif sou sèn entènasyonal la apre eleksyon 9 janvye a. Tande detay yo nan repòtaj Dorcil la. Klike sou lyen ki anlè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG