Sektè prive a nan vil Gonayiv (anv. 150 kms ak Pòtoprens) mande otorite nan kapital la fè yon jan pou pote yo sekou apre pakèt dega yo te sibi anba Tanpèt Twopikal Jeanne.
Dapre plizyè komèsan ki pale ak korespondan nou Duc Jonathan Joseph, gouvènman an poko onore pwomès li te fè yo apre dezas natirèl sa a ki te lakòz prèske 3 mil 500 mò nan zòn Latibonit ak Nòdwès peyi d Ayiti.