Accessibility links

Breaking News

Pewou: Lapolis Arete Lidè Yon Gwoup Ansyen Militè


Lapolis nan peyi Pewou arete lidè yon gwoup ansyen sòlda ki te pran kontwòl yon pòs polis samdi nan vilaj Andahuaylas. Lapolis mete men sou Antauro Humala (yon ofisye retrete nan lame a) apre msye te kontakte otorite yo pou negosye sou fason lap rann tèt li.

Otorite yo di omwen 50 patizan msye (ansyen militè tou) toujou barikade tèt yo jiskaprezan nan pòs polis la. Militè sa yo tap reklame demisyon prezidan peruvyen an, Alejandro Toledo.

XS
SM
MD
LG