Accessibility links

Breaking News

Sekretè-deta Colin Powell Kontinye Vizite Zòn Dezas yo


Sekretè-deta ameriken an, Colin Powell, fè konnen Etazini pap vire do bay peyi ki viktim anba tranblemanntè dimanch 26 desanm nan. Chèf diplomasi amerikèn nan--kap vizite zòn sinistre yo depi lendi pou l evalye sitiyasyonan-- pale ak laprès jodi madi a nan peyi Tayiland kote li deklare dega soukous la ak radmare yo kite dèyè reprezante yon trajedi pou tout limanite. Li rekonèt ak kèk lòt obsèvatè ke l' ap trè difisil pou moun konnen egzatteman ki kantite mò dezas sa a koze.

Misye Powell di: “Mwen krenn ke n' ap oblije sonje kijan li difisil pou moun fè yon evalyasyon egzat sou yon sitiyasyon tankou sila a, kote nou poko ka ale nan tout zòn ki afekte yo.

Pandan vizit li nan peyi Tayiland, Sekretè-deta Powell fè chita-tande, antwòt, avèk Premye-Minis tayilandè-a, Thaksin Shinawatra. Misye Powell pwomèt Washington pral travay ak Bangkok pou yo tabli yon sistèm ki va kapab avèti tout rejyon Azi Meridyonal la lè yon soukous ak radmare pral frape, menm jan avèk sa dimanch 26 desanm 2004 la.

XS
SM
MD
LG