Accessibility links

Breaking News

Elikoptè Militè Ap Ede Viktim Tsunami an Pandan Bilan an Depase 140-Mil Mò


Elikoptè militè ap lage pwovizyon manje epi pote moun sekou nan rejyon peyi Endonezi ki koupe ak rès mond la depi kokenn tranblemanntè 26 desanm nan ki te pwovoke radmare ki deja fè omwen 141-mil mò dapre dènye bilan ofisyèl la. Kowòdonatè pwogram sekou L’ONU an, Jan Egeland, di elikoptè lame peyi Etazini, Endonezi ak Ostrali merite konpliman pou bèl travay sap fè la a. Msye Egeland fè konnen tsunami an, kidonk gwo vag lanmè yo, kite prèske 2 milyon moun nan grangou, ann Azi di Sid e nan Afrik de Lès. Sepandan, kote sa pi grav se nan pwovens Banda Aceh nan peyi Endonezi.

Sekretè-Jeneral L’ONU an, Kofi Annan deklare se premye fwa, nan tout istwa òganizasyon an, li gen pou l’ fè fas ak yon dezas konsa. Pita nan semèn nan, msye Annan pral fè yon vire won nan rejyon sid Azi a kote lidè plizyè nasyon pral rasanble pou yo pale sou trajedi a ak sa ki nesesè pou ede sila yo ki vivan toujou.

Sekretè-deta ameriken an, Colin Powell, ansanm ak frè prezidan Bush ki gouvènè eta Florid la, Jeb Bush, pran avyon amidi a la a pou y’ale nan rejyon an, kote yo pral enspekte dega yo, sitou nan peyi Tayiland and Endonezi, anvan yo pran pa nan somè k’ap tanmen jedi a nan Djakarta. Gouvènman ameriken an deja pwomèt 350-milyon dola pou ede viktim tsunami an, men msye Powell di èd sa a ka gen pou li ogmante toujou. Li di se katastwòf pi grav lemond janm’ konnen.

XS
SM
MD
LG