Accessibility links

Breaking News

Plizyè Diplomat Ayisyen Vizite Radyo Vwadlamerik


Yon gwoup diplomat peyi d Ayiti te vizite Sèvis Kreyòl VOA a jedi 30 desanm 2004 la pou yo fè konesans ak ekip la epi voye larezone bay tout oditè estasyon an k'ap koute chak jou atravè rejyon Karayib la e nan diaspora ayisyèn nan.

Reprezantan Pèmanan Ayiti nan Oganizasyon Eta Ameriken, Ambasadè Duly Brutus, ak reprezantan gouvènman ayisyen an nan Commonwealth Bahamas, Ambasadè Harold Joseph, te gen avèk yo pandan vizit sa a 2 Minis-Konseye: Jn-Ricot Dorméus (OEA) ak Fritz Fougy (Washington). Nan yon ti koze yo fè ak Chérubin Dorcil, yo pat manke salwe sa yo konsidere kòm "bèl travay" VOA ap fè chak jou, nan omwen 44 lang diferan, pou enfòme e fòme plizyè milyon moun nan lemond.

Se pa premye fwa diyitè ayisyen ki swa abite isit Etazini, swa de pasaj nan peyi a, onore estasyon an ak prezans yo. Sa pa gen lontan, nou te gen okazyon akeyi Chèf Misyon Diplomatik Ayiti a nan Washington, Raymond Joseph, ak Sekretè-deta pou Ayisyen Lòt-bò-dlo yo, Alix Baptiste. Epitou, sa gen kèk lane, yon chèf deta ayisyen (René Garcia Préval) te nan biwo nou pandan yon pasaj nan kapital amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG