Accessibility links

Breaking News

USAID Bay Yon Avètisman Sou Danje Ki Poze Pou Sante Abitan Nan Zòn Sinistre yo


Administratè Ajans Ameriken pou Devlòman Entènasyonal la (USAID) atire atansyon piblik la sou danje ki poze nan peyi kote radmare a fè ravaj yo, akòz pwoblèm sanitasyon. Andrew Natsios di kounye a sistèm kote dlo ak dechè yo sikile yo melanje akòz gwo dlo ki anvayi zòn sa yo e detwi sistèm yo. Kifè la a, moun ap bwè dlo dechè, dlo sal. E sa pral ogmante seryezman risk maladi transmisib ak dyare.

Anpil lòt moun ka mouri si ta gen epidemi ki deklare. Administratè USAID a siyale ke ekip sekou ki soti nan peyi Etazini e nan òganizasyon prive nan lòt peyi ap eseye fè livrezon dlo potab bay pi gwo kantite moun ke yo ka rive jwenn nan peyi ki viktim radmare a.

Klike sou lyen anlè tèks sa a pou w'ka tande repòtaj la.

XS
SM
MD
LG