Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite-29/12/04


NBA

Lebron James make 40 pwen, trape balon an 9 fwa epi fè 7 pas ki make pwen nan viktwa 111 a 102 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Atlanta Hawks. Miwaulkee Bucks tronse Houston Rockets 115 a 87. San Antonio Spurs mete fen nan 11 viktwa afile Phoenix Suns sot ranpòte nan lig la gras ak yon swif 115 a 94. New Jersey Nets te fè anpil efò avan li kale Chicago Bulls 84 a 80. Dallas Mavericks kontinye ap byen mennen. Yè swa Mavericks yo woule Boston Celtics 113 a 94. Philadelphia 76ers ranpòte 3 zièm viktwa afile l, fwa sa a devan Seattle Supersonics 114 a 107. Kobe Bryant make 48 pwen nan viktwa 117 a 90 Los Anjeles Lakers ranpòte devan Toronto Raptors.

Tenis / Tsunami

Tounwa tenis, ki gen pou dewoule nan vil Madras an End semen pwochèn nan, ap fèt kan mèm malgre dezas natirèl ki sot frapre rejyon an. Responsab yo pral òganize yon maraton pou kolekte lajan pou ede viktim yo.

Milan A.C / Berslusconi

Premye Minis Italyen an, Silvio Berlusconi, demisyone kòm prezidan Milan A.C. apre yon lwa gouvènman an pibliye entèdi manm gouvènman an okipe pozisyon enpòtan nan yon seri de gwo antrepriz. Lwa a pa entèdi manm gouvènman posede konpayi, yo tou senpleman pa kapab ap dirije yo pandan yo fè pati gouvènman an. Berlusconi te pran kontwòl Milan AC an 1986 e fè l tounen youn pami pi gran ekip football Ewopeyen. Milan A.C. ranpòte 4 tit Ewopeyen ak 7 tit lig football Italyen an. Berlusconi toujou propriyetè club Milanè a.

Azi / Koup Tig

Malezi ranpòte premye semi final koup Tig la 2 a 1 fas ak Endonezi malgre endonezyen yo te favori. Seri retou a ap jwe nan Kuala Lumpur Premye Janvye 2005.

CONCACAF / Football U-20

Seleksyon Jinyò Jamayik la ap pare pou li rankontre Honduras nan kad ekzagonal final eliminwa koup di mond Jinyò pou zòn CONCACAF la. Rankont la fikse pou 26 Janvye pwochen an.

XS
SM
MD
LG