Accessibility links

Breaking News

Bilan Dezas Ki Frape Sid Azi a Moute Nan Plis Pase 54-Mil Mò


Ekip sekouris kontinye ranmase kadav moun ki viktim yon gwo kokenn tranblemann tè ak gwo vag lanmè li te pwovoke nan pati sid kontinan azyatik la. Chif otorite rejyonal yo bay pou kantite moun ki mouri yo depase 54-mil, aprè frap soukous sa a ki te mezire 9 pwen sou Echèl Richter a, epi gwo radmare, gwo lanm lanmè, ki te anvayi lakòt yo apre sa.

Pami peyi viktim yo genyen: Lend, Sri Lanka, Tayiland, Malezi, Birmani, Zile Maldiv yo, Endonezi, ak kèk peyi sou kòt ès kontinan afriken an. Nan Endonezi, vis-prezidan an, Jousouf Kallal, ki te te vizite lendi youn nan zòn ki sibi plis dega nan trajedi a, pwovens Atche (sou il Soumatra) konfime nouvèl ki fè konnen kantite viktim yo, nan Endonezi sèlman, kapab depase 25-mil mò.

Nan Sri Lanka, ta genyen jiska 19-mil mò, tandiske kantite viktim ki mouri nan peyi Lend monte rive nan 8 mil 500. Otorite nan Tayiland fè konnen plis pase 2-mil moun mouri oubyen disparèt nan peyi a.

Toujou sou menm dosye a, òganizasyon sekou entènasyonal ak divès peyi atravè lemond ap akselere efò pou yo ede viktim trajedi a. Federasyon Kwa Wouj ak Kwasan Wouj Entènasyonal fè konnen li pral ogmante chif 6-milyon dola li te mande okòmansman pou pote èd bay rejyon ki sinistre yo. Daprè sa yon pòt-pawol federasyon an nan Jenèv di Lavwadlamerik, lè yo vin revize chif la, sòm lajan an ap monte rive jiska 5 fwa lavalè, e konsa, l'ap tounen pi gwo efò sekou òganizasyon an lanse depi omwen 40 tan.

Pou plis detay, ak deklarasyon ki fèt, sou dosye katastwòf natirèl sa a, klike sou lyen ki anlè paj la. Lyonel Desmarattes ak Marie-Luce Pierre prezante yon repòtaj sou sa.

XS
SM
MD
LG