Gouvènman ak Sekouris atravè rejyon azyatik la ap travay kou Mèt Jan Jak pou yo jwenn viktim yon seri radmare ki fè anpil dega e touye pliske 23 mil moun pou piti yè nan 9 peyi sou kontinan an.
Bilan viktim yo kontinye ap ogmante e genyen plizyè milye moun ki toujou pa reponn a lapèl---pami-yo touris ki t' al pase vakans nan sidès Azi a ki nan mitan sezon touristik la. Se yon kokenn tranblemann tè nan Oseyan Endyen an, toupre kòt achipèl endonezyen an, ki mezire 9 degre sou nechèl Richter a ki pwovoke seri radmare mòtèl sa yo. Vag radmare yè dimanch la te travèse tout Oseyan Endyen an ak Bè Bengal la, kote l' detwi rapyetè yon seri vilaj, kraze kay, wout ak gwo building.
Apeprè 5-mil moun disparèt nan Endonezi. Nan Sri Lanka yo deja ranmase 11-mil kadav. Otorite nan End di 6-mil-600 moun pèdi lavi yo nan pati sid peyi sa a. Nan Tayiland, bilan viktim yo depase 800. Yo rapòte tou plizyè douzèn moun mouri nan Malezi, nan zile Maldiv yo, Birmani, Bangladesh e menm jouk nan peyi Somali. Dapre kès responsab nan Nasyonzini, dezas sa a kapab koute plizyè milya dola dega.
Klike sou lyen ki anlè atik sa a si ou vle tande repòtaj Dorcil la ansanm ak yon interview jounalis Isa Ismail, ki nan Sèvis Endonezyen Vwad Lamerik la.