Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Ap Chache Konnen Kijan Atanta-Suisid Mosul la Fè Fèt


Lame amerikèn ap mennen ankèt pou konnen kijan yon moun yo sispèk kòm yon rebèl ki te tache yon bonm sou kò li, te fè antre nan yon baz militè ameriken nan vil Mosoul, nan pati nò Irak, kote li touye 22 moun. Yon gwoup militan, ki rele Lame Ansar al-Sunna e ki gen bon jan lyen ak rezo teworis Al-Qaida a, pran responsablite l' pou atak sa a ki blese 69 moun --anpil nan yo se sòlda ameriken.

Kòmandan Eta majò lame Lèzetazini an, Jeneral Richard Meyers, ki tap pale ak laprès yè mèkredi a, di sanble atakan an te kole sou kò li eksplozif ki pete nan kantin kote solda yo tap manje sou baz la.

Jeneral Meyers di: “Anketè yo prèske rive nan konklizyon yo pandan y'ap chache kòz egzat eksplozyon an. Pou le moman, sanble atakan an te pote sou li yon eksplozif enpwovize. Mwen garanti nou ke tout sa ki posib ap fèt pou antre nan fon sa k' rive a, e pou n' pran dispozisyon ki nesesè pou n' anpeche atak konsa fèt nan lavni.

Nan menm konferans pou laprès la, Minis defans ameriken an Donald Rumsfeld, te pale tou pou l' di li atann ni aske mouvman rebelyon an kontinye menm aprè eleksyon yo ann Irak. Chèf Pentagòn nan di: “Mwen panse se yon erè pou moun panse Irak pral gen lapè aprè eleksyon an. Mwen panse nou dwe reyalis.... Moun sa-yo genyen anpil a pèdi. Ekstremis yo, teworis yo ak sila yo ki dispoze repran peyi a, yo pa sòti pou yo pèdi lafas, e yo pral fè tout sa yo kapab pou yo reyisi; Nou-menm, nou dwe fè tout bagay pou n' fè yo echwe.

Otorite ameriken yo fè konnen yo pa konnen egzatteman kijan bonbis kamikaz la te fè antre sou baz la epi penetre nan tant kote solda yo tap manje a. Pandansetan, nan vil Faloudja --ki te pase yon bon tan anba men rebèl yo-- moun te ka tande kèk eksplozyon jodi jedi a nan moman abitan ki te kite vil la akòz yon operasyon militè ki te dewoule nan mwa novanm nan, t'ap tann pou yo retounen lakay yo pou la premyè fwa.

XS
SM
MD
LG