Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ameriken an Deklare Ayewopò Pòtoprens la Pa Satisfè Regleman Entènasyonal yo


Otorite nan Depatman Sekirite Teritoryal Lèzetazini an fè konnen Ayewopò Pòtoprens la, nan kapital peyi d Ayiti, pa rive satisfè règleman entènasyonal yo. Pandan otorite ameriken yo tap abòde kesyon an yè mèkredi a, yo deklare yo deja fè konpayi ayeryèn yo konnen yo fèt pou mete pasaje kap vwayaje ant Lèzetazini e Ayiti, okouran ke Ayiti pa respekte komsadwa prensip sou sekirite yo.

Depatman Sekirite Teritoryal la kontinye pou l di li te vin okouran pwoblèm sa yo gras ak travay espesyalis nan biwo ameriken ki okipe afè sekirite nan transpò a, ki fè yon revizyon sou sekirite nan ayewopò ann Ayiti. Daprè biwo sa a, espesyalis sa yo pral rete Pòtoprens pou yo pote konkou yo baty otorite lokal yo nan efò ki nesesè pou korije sitiyasyon an.

Administrasyon Sekirite nan Transpò Lèzetazini an fini pa di konpayi ayeryèn yo (ameriken kou etranje) ki fè transpò dirèk ant Ayiti ak Etazini, ap fè plis efo kounye a nan domèn sekirite a, pou yo kapab rezoud pwoblèm yo idantifye nan ayewopò Pòtoprens la.

XS
SM
MD
LG