Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Ayisyen an Rejte Apèl Ki Mande Chanjman Nan Kabinè a


Men prensipal nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti nan maten 14 desanm 2004 la:

--Premye Minis ayisyen an, Gérard Latortue, rejte apèl yon gwoup moun nan Sektè Prive a lanse pou mande l’ fè yon pase-men nan gouvènman an. Korespondan nou Rotchild François, Jr. gen reyaksyon depi Potoprens.

--Militè demobilize yo fè yon ansyen Premye Minis ayisyen pase yon move moman pandan li te sou wout pou l’ale nan pati Sid peyi a. Korespondan nou se Jn-Ernst Eliscar ap eksplike.

--Nan Sidwès Ayiti, nan Depatman Grand-Ans, dirijan yo ogmante mezi sekirite yo nan okazyon fèt fen dane yo, dapre yon korespondans Luckner Laguerre.

--Otorite nan vil Mirebalais (nan Depatman Sant peyi d Ayiti) ap chache plizyè moun ki sove nan yon prizon vil la. Korespondan nou Jn-Christophe Collègue ap ban nou plis detay.

--Responsab yon òganizasyon politik mande popilasyon ba Latibonit la leve kanpe pou li fè fas kare ak nèg ame k’ap simen latèrè nan peyi a. Pwofesè Eddy Joseph, ki responsab Rasanbleman Tout Pwogresis Revolisyonè Ayisyen, fè kòmantè li yo nan vil Sen-Mak, kote korespondan nou se Galilée Périlus.

Si ou vle tande tout repòtaj yo an detay, klike sou lyen ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG