Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Byen Apresye Monte Danilo Medina kòm Nouvo Prezidan Dominiken


Biwo prezidans la nan peyi d Ayiti fè parèt yon kominike kote Prezidan Michel Joseph Martelly fè konnen li byen akeyi eleksyon yon nouvo prezidan nan Repiblik Dominikèn --an palan de Danilo Medina-- e li prezante prezidan eli a souwè siksè li nan moman Misye Medina pare pou l antre an fonksyon.

Nòt la di :

" Prezidan ayisyen an, Son Ekselans Michel Joseph Martelly, transmèt gwo felisitasyon li bay nouvo Prezidan dominiken an, Misye Danilo Medina, ki te ranpòte, ak plis pase 51 pousan vwa yo depi nan premye tou a, eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan Repiblik Dominikèn dimanch 20 me a.

Nan non gouvènman an ak pèp la, Chèf Leta ayisyen an reyafime angajman li pran pou l mentni e konsolide bon jan relasyon ki te toujou karakterize istwa 2 peyi yo. Prezidan ayisyen an espere kolaborasyon ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti pral kontinye sou administrasyon tou nèf sa a nan enterè 2 peyi yo."
XS
SM
MD
LG