Accessibility links

Breaking News

Lachin ak Larisi Re-Konfime yon 'Asosyasyon San Limit'


Foto Achiv: Prezidan La Chin Xi Jinping a goch ak Prezidan La Risi Vladimir Putin, pandan yon rankont nan Moskou, 5 Jyen 2019.
Foto Achiv: Prezidan La Chin Xi Jinping a goch ak Prezidan La Risi Vladimir Putin, pandan yon rankont nan Moskou, 5 Jyen 2019.

LaChin ak LaRisi re-konfime yon “asosyasyon san limit” nan semenn ki pase yo, kote lidè nan tou le 2 peyi yo sèmante pou yo kenbe “relasyon pèsonèl pwòch”, epi anbasadè chinwa nan LaRisi a revele ke Prezidan ris Vladimir Putin gen plan vizite LaChin ane sa a.

Nan yon kout telefòn 8 Fevriye pase, Prezidan chinwa Xi Jinping ak Putin selebre angajman ak koperasyon ant LaChin ak LaRisi nan divès sektè e kritike sa yo rele “Etazini ki ap antre nan zafè lòt peyi.”

Anplis de apèl ant Xi ak Putin nan telefòn, anbasadè chinwa nan LaRisi a, Zhang Hanhui, di medya leta ris Sputnik, 10 Fevriye pase, ke Putin pwal vizite LaChin ane sa a, e ke 2 lidè yo ka gen plizyè reyinyon ane sa a.

XS
SM
MD
LG