Accessibility links

Breaking News

Yon Kout Zèklè nan Syèl Ti Ayiti (Little Ayiti)


Illustration by: Oleksandr Danylenko
Illustration by: Oleksandr Danylenko

Se yon jou mwa dawout, byen cho, chaje imidite nan lè a, madmwazèl Vania André te al pran djòb li nan sal redaksyon Jounal Haitian Times. Se te tou premye reyinion l pou jounen an ak ekip jounal la.

Manzè André se yon amerikèn-ayisyèn 2 zyèm jenerasyon ki fèt Ozetazini. Li se premye fi ki responsab jounal Haitian Times. Yon djòb chaje prestij men ki plen responsablite tou. Manzè Andre te debake nan sal nouvèl la pou l fè chita pale ak kòlèg jounalis ak repòtè yo; Ipad ak estilo ( plim) elektwonik li nan men l, li pare pou l koumanse travay pandan la p eseye rezoud yon pwoblèm teknik li genyen ak aplikasyon vizyo-konferans "Zoom" lan. Fini ti pwoblèm teknik la finn rezoud, André tanmen reyinyon an. Premye kòlèg ki pran lapawòl se Cherrell Angervil, responsab relasyon branch rezo sosyal yo nan Haitian Times.

Dyalòg ant Andre ak kòlèg li yo dewoule kou yon plòt fil, li koule kou lwil, san pwoblèm; yo pase wè kesyon ki te merite abòde tankou obligasyon yo vizavi metye jounalis la, relasyon ak kominote a, zòn nan epi eksperyans sou teren jounalism nan.

Lè miss Andre te fini pa pran lapawòl, li te santre reyinyon an sou nouvèl ka p fè aktyalite a, sou kominote, sou estatistik ak estrateji sou mache a ( marketing) pandan lap fè kèk klik adwat agòch sou klavye Ipad li. Andre di : "an jeneral, depi kèk semèn nou wè yon bès nan aktivite yo," e l fè remake mwa jiyè ak mwa out souvan se mwa kote aktivite yo ralanti. "Semèn anvan an, tèm ki te plis fè aktyalite a, ki te plis enterese moun se posibilite pou twoup peyi Kenya ale ann Ayiti," li kontinye pou l di, "nouvèl sa a te fè n konstate yon ogmantasyon nan trafik ak reyaksyon sou rezo sosyal yo. Madmwazèl Andre fèt e grandi nan vil Queens, nan Nouyòk. Li te travay nan sal redaksyon jounal la, kote l te gen kòm djòb korije tèks moun ekri pou pibliye ak djòb redaktris an-chèf Haitian Times. Se Garry Pierre-Pierre, yon jounalis ki te resewa "Prix Pulitzer," pou travay li nan jounal The New York Times, ki te Fonde Haitian Times an 1999 nan Nouyòk.

Jounal la reyalize repòtaj sou sa ka p pase nan dyaspora ayisyen an nan vil Nouyòk, vil ki genyen plis ayisyen ka p viv ladan nan peyi Etazini. Haitian Times se jounal dyaspora a e li la pou l sèvi dyaspora a. Andre di Lavwadlamerik: "Nou gen yon gwo dyaspora akòz tout boulvèsman politik ak pwoblèm sosyal ki souke Ayiti pandan dènye dizèn ane ki pase yo.

"Nou gen anpil nouvèl nan kominote nou an k ap pase toupatou atravè lemonn," se deklarasyon Andre fè Lavwadlamerik pandan l tap pale ak Pierre-Pierre, fondatè Haitian Times, ke l te kreye apre l te pran desizyon kite New York Times poul fonde pwòp jounal pa l. "Sepandan, malgre sa, kilti nou ak lanmou nou pou kominote nou an enpòtan, anpil" li ajoute. "Nou toujou bezwen konnen sa k ap pase lakay ak nan kominote a kote n ap kreye kounya a yon dezyèm lakay." Manman ak papa Andre se Ayisyen ki te vini tabli nan vil New York. Li deja konnen enpòtans jounal la ak wòl li nan kominote ayisyen an.

Lè li te fèk parèt nan kominote a, Haitian Times te sòti chak semèn e pezape li tounen yon sèvis miltimedya "tout platfòm" ki bay nouvèl prensipalman ann anglè, nouvèl ki santre atansyon sou evènman k ap pase nan New York, Florid ak Ayiti e ki enterese dyaspora a.

Se jounal la ki siman ant manm kominote a kounye a. Men, nan premye ane li yo, li te pran kèk baf moun pat vrèman okipe l. Gen moun ki t ap mande poukisa yo te pibliye l ann anglè e poukipa an kreyòl oswa an franse, ki se youn nan de (2) lang prensipal peyi Ayiti. Andre di fè jounal la parèt nan lang angle te ede Haitian Times la touche yon nouvo jenerasyon ayisyen k ap grandi nan New York, ak lòt moun dyaspora ayisyen ka p viv lòt bò dlo ki bezwen konnen tou sa k ap pase nan kominote a. "Vania Andre te koumanse travay pou Haitian Times an 2014, li te responsab liy éditoryal ak seksyon piblisite (reklam) nan jounal la. Sa pa t nan lide l anvan li travay kòm jounalis. Li vinn enterese nan jounalism lè l koumanse reyalize pandan li nan jounal la kouman kilti peyi Dayiti se yon kilti ki laj, gran, rich, vass. La pou la, li tonbe damou kominote ayisyèn nan, kominote l la.

An 2018, Garry Pierre-Pierre, fondatè Haitian Times, te vann yon pati nan aksyon jounal la; kounyea, limenm ak Andre ap travay men nan men. Apre li finn bay Lavwadlamerik entèvyou sa a, Andre travèse al jwenn msye ak Angervil nan yon restoran anfas biwo jounal la, pou yo pran yon solobab e pale sou tèm yo dwe kouvri kòm nouvèl jounen an epitou pale sou nouvo magazen, sou kek nouvo restoran ki louvri nan Little Haiti (Ti Ayiti ). Pandan yo tap pran solobab la (tisipe que rien an) Pierre-Pierre sonje defi l te oblije leve ak kolaboratè li yo lè yo te deside parèt ak Haiti Times.

Li sonje gen yon ansyèn konseye kominal nan meri a ki te senpatik anpil anpil e ki te deklare ba li yon jou: "Ayisyen izole anpil anpil", pou nou repete pawòl msye Pierre-Pierre ki presize li te reponn konseye a: "Nou pa izole, nou senpman pa pale angle".

Kòm yon kominote, rele sa, tou nouvo nan Nouyòk, Ayisyen yo gen tandans rete ansanm, antre yo, men se pa vle yo vle rete izole", selon msye Garry Pierre-Pierre. Men, apre plus pase ventan (20 tan) egzistans, dyaspora ayisyen an avèk Haitian Times fini pa fè tande vwa yo nan Nouyòk. Jounen jodi a, pi egzateman depi janvye 2023, kominote a gen kat ( 4 ) moun ki okipe gwo pòs prezidan nan Konsèy minisipal vil Nouyòk la, epi estasyon metwo ( otobis, tren) Avni Newkirk la, ki chita nan mitan kominote ayisyen an, rele depi ane 2021 "Metwo Little Haiti.

Dapre ekip jounal la, pwogrè sa yo, se (an pati) gras ak travay jounal la fè nan kominote ayisyen an, menmsi l te pran yon ti tan anvan kominote a te kore travay li, egzaminen kote pozitif ak kote negatif li.

"Pa egzanp, gen kèk ane, nou te pibliye yon seri atik sou depans nan bidjè a divès manm konsèy kominal la-- moun ki te swa sitwayen Ayisyen-ameriken, swa moun ki reprezante gwo kominote ayisyen yo ta p fè."

Andre di : "Nou te konstate, yo te depanse lajan yo, nan finanse aktivite atistik ak aktivite kiltirèl kominote pakistanèz la. Andre di nou, rezilta ankèt la te fè administrasyon an espante, paske lè w egzaminen byen konpozisyon etnik kominote a, responsab yo panse mesye dam ki manm Konsèy kominal la ta dwe finanse plis aktivite, plis pwojè nan kominote ayisyen an. Nou te resevwa anpil kritik ak anpil apèl moun ki te fache ka p rele nou nan telefòn pou manifeste mekontantman yo pou seri atik nou te pibliye sou sitiasyon sa a. Men, nan bidjè pwochen ane fiskal la, gen yon chanjman ki te fèt; manm Konsèy Kominal la ogmante fon lajan ka p finanse òganizasyon ayisyèn yo."

Yon kout telefòn ki fèt pandan ti chita pale nan restoran an vinn entewonp konvèsasyon an -- se yon apèl manzè Andre pat prevwa. Fwa sa a se yon responsab Inivèsite Columbia a nan Nouyòk ki sou liy la, kote li te fè yon entèvyou pou yon plas nan pwogram Lidèchip egzekitif Sulzberger a. Lè l fini ak entèvyou a, manzè Andre retounen vinn jwenn Lavwadlamerik pou n al fè yon vizit nan Little Haiti ( Ti Ayiti ), tanzantan li fè yon ti kanpe poul pale ak moun li kwaze sou wout li e l mande yo si yo konnen jounal Haitian Times.

Youn nan moun yo, se Steven Dorscen. Li di Lavwadlamerik li panse enfòmasyon enpòtan anpil. "M panse nouvèl yo ede nou konnen tout sa ka p pase nan kominote ayisyèn nan, kèlkeswa kote li ye-- kit se nan Brooklyn oswa nan lòt eta yo" Andre fè konnen li enpòtan e nesesè pou w sòti al pale ak manm kominote a.

Ofiramezi ane ap pase, li konstate pale ak dyaspora a pa sèlman ede li konnen piblik la men sa ede l dekouvri sa k pi enpòtan pou sitwayen yo kòm nouvèl, tankou kesyon imigrasyon an, pa egzanp.

Ayiti ap fè fas ak yon seri pwoblèm grav, pwoblèm malouk; vyolans gang yo, enstabilite ekonomik, sosyal ak politik, moun ka p kouri kite peyi a pou ale Chili, Meksik, Ozetazini.

Dapre Enstiti politik Pou migrasyon an-- yon gwoup ki pa asosye ak okenn pati politik, nan mitan mwa fevriye ane 2023 a plis pase senk mil ( 5 000 ) Ayisyen te antre nan peyi Etazini nan kad nouvo pwogram liberasyon sou kondisyon pou rezon imanitè a ki pèmèt moun ki gen rezidans Ozetazini ranpli papye pou fè fanmi oubyen paran yo vwayaje pa avyon vini rete nan peyi a.

Nan Bon- Bonbon -- yon restoran ki chita pa lwen espas travay jounal la, proprietè a se Jensen Desrosiers li te resevwa Andre, Pierre-Pierre avek Lavwadlamerik.

Desrosiers te konnen fondatè jounal la pandan plizyè lane, e li di Times se yon nesesite non selman ki idantifye kote ayisyen yo ye a, men tou ki sa yo panse, kisa yap di e ki kultu yo sanble.

Anvan jounal la te kreye, li di komunote a te santi yo mete l sou kote. Li sonje yon protestasyon de mass kite fèt nan lane 1990 kote 150 mil ayisyen te mache nan Nouyok sou restriksyon federal pou moun bay san. Li di e nap site: “ Nou te vle pote yon vwa atravè odyans ki pale anglè a e lè yo te fonde Haitians Times li te vin tounen vwa sa a ke nou tap chache a”.

Nan moman Desrosiers tap pale sou manifestasyon an ak sou kesyon ki gen rapò ak chomaj, Andre te koute, an’aprè, li di Lavwadlamerik gen de le li santi-l tankou yon odinatè avek yon kantite tab ki louvri pandan ke lap travay sou divès aspè ki kenbe jounal la ap fonksione.

Men menm nan jou ki gen plis aktivite yo, li di yo gen yon objektif klè pou kenbe Haitian Times kom yon jounal diaspora a ke ou ka tcheke l e li rive jwenn plis ayisyen.

Li di: “Rèv mwen se pou nou gen kapasite poun kouvri diaspora a nan mond lan. Lè nou te premye komanse nan lane 1999 diaspora ayisyen an te nan Sud eta Florid ak nan Nouyok.

Kounye a nou gen komunote nan Kawolinn yo nan Washington DC, Kalifoni, Meksik, Chili, Brezil, Frans ak nan kèk pati an’Afrik.

Avek sitiyasyon nan peyi yo ki pa sèten, jounal la ede prezève idantite ayisyen an aloske li kenbe diaspora a enfome.

*Tradiksyon Kreyol - Marie Luce Pierre

XS
SM
MD
LG