Accessibility links

Breaking News

Komisyon Entè-Ameriken Dwa Moun Kondane Zak Vyolans ki Vize Jounalis Ayisyen


Jounalis Ayisyen Romelson Vilsaint, ki blese motelman, kouche ate nan paking yon komisarya lapolis nan Potoprens, Dimanch 30 Oktob, 2022.
Jounalis Ayisyen Romelson Vilsaint, ki blese motelman, kouche ate nan paking yon komisarya lapolis nan Potoprens, Dimanch 30 Oktob, 2022.

Komisyon Entè-Ameriken Dwa moun nan (IACHR) kondane Madi ogmantasyon nan zak vyolans kont jounalis an Ayiti.

Òganizasyon an di asasina, kidnaping, piyaj kay ak zak vyolans gang ki vize moun kap travay nan domèn laprès an Ayiti ogmante.

Gwoup la di gen apepre yon douzèn jounalis Ayisyen ki oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans ki ogmante nan Kafou Fèy. Komisyon an site tou kidnaping omwens 7 jounalis epitou atak ak zam ki fèt kont kay ak lye travay jounalis yo.

IACHR pibliye yon deklarasyon kote li di: "se devwa leta pou anpeche e envestige evenman sa yo, pini responsab yo epi asire viktim yo konpanse yon fason adekwa."

Ayiti ap konstate yon gwo ogmantasyon nan zak vyolans gang puisan kap goumen pou kontwòl kapital la Pòtoprens. Hing hang sa a lakoz plis pase 200,000 moun oblije kouri kite kay yo.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an apwouve Lendi, demann Ayiti te fè pou yon fòs miltinasyonal vinn ede polis nasyonal la retabli lòd. Sepandan li poko klè konbyen polisye fòs la ap genyen ni konbyen tan li pral pran pou rive Ayiti.

Se Kenya ki pral dirije fòs la, epi kontribye 1,000 polisye. Bahamas, Jamayik ak Antigua ak Barbuda di yo pral kontribye polisye tou.

XS
SM
MD
LG