Accessibility links

Breaking News

Kanada gen Difikilte Pou Femen Fwontyè li pou Moun ki Vle Mande Azil


Foto Achiv: Migran travese antre Kanada sou Roxham Road, yon pos fwontye ki pa ofisyel ki lye eta Nouyo ak Quebec, 24 Mas, 2023.
Foto Achiv: Migran travese antre Kanada sou Roxham Road, yon pos fwontye ki pa ofisyel ki lye eta Nouyo ak Quebec, 24 Mas, 2023.

Yon antant ant Kanada ak Etazini pou redui kantite moun kap travèse fwontyè a pou mande azil sanble gen siksè. Dapre otorite yo, nan yon ti espas tan, se kèk moun sèlman ki te travèse fwontyè a.

Men 5 mwa pi ta, kantite total moun kap mande azil o Kanada ogmante olye li bese. Anpil nan migran yo rive nan avyon, tandiske gen lòt ki travèse fwontyè a anbachal epi kache jiskaske yo ka aplike pou azil san kè sote pou yo depòte yo. Se sa moun kap travay ak migran yo di ajans nouvèl Reuters.

Done yo ranmase yo montre kijan li difisil pou peyi fèmen pòt la pou moun ki dezespere, epitou defi sa poze lè yap resevwa lakay yo yon pakèt moun ki vla mande azil.

Pa egzanp, nan Toronto, gen plizyè santèn moun ki te dòmi nan lari pandan sezon ete a paske pat gen ase kabann pou yo.

XS
SM
MD
LG