Accessibility links

Breaking News

Larisi di Li Detwi 42 Dronn sou Krime


Ministè Defans LaRisi di li detwi 42 dronn sou Krime – pami yo 9 ke fòs defans aeryen-li te desann, ak 33 ke li te de-aktive elektwonikman. LaRisi te anekse Krime an 2014.

Pat gen nouvèl touswit sou moun ki ta pèdi lavi.

Depatman Defans Etazini di jedi li pwal antrene Ikrenyen pou pilote djèt F-16 e fè antretyen nan yo.

Depatman Defans di se 162èm Branch Gad Nasyonal Aeryen an ki pwal fè antrènman an nan Baz Gad Nasyonal Aeryen nan Tucson, nan eta Arizona.

Yon lòt kote, avni èd pou Ikrèn nan si yon Prezidan Repibliken pran Mezon Blanch, gen anpil dout sou li, yon jou apre 8 kandida pou nominasyon prezidansyèl 2024 te bay divès opinyon sou kesyon an nan premye deba a.

Sou sèn nan mèkredi swa nan Milwaukee, kèk kandida mande pou elimine oswa redui sipò Etazini an, pandan gen lòt ki pale ak fòs pou pwolonje li.

XS
SM
MD
LG