Accessibility links

Breaking News

Chèf LONU di Ayiti Bezwen yon 'Fòs Robust' pou Dezame Gang yo


Sekrete Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres pale pandan yon konferans pou lapres nan salon diplomatik ayeropo entenaysonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 1 Jiye, 2023.
Sekrete Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres pale pandan yon konferans pou lapres nan salon diplomatik ayeropo entenaysonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 1 Jiye, 2023.

Sekretè Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres deklare "Ayiti bezwen enplwaye yon fòs robust atravè yon deplwaman polis miltinasyonal - ke militè ta apiye - pou retabli lòd epi dezame gang yo".

Guterres di nan yon let li voye bay Prezidans Konsèy Sekirite a, Reuters rapote.

Pot pawol LONU Stephane Dujaric konfime nouvel la pandan rankont li ak lapres nan katye jeneral Nasyonzini nan Nouyok jodia.

" Sa li di nan let la se menm bagay li te di anvan ke Ayiti bezwen sipo yon fos multinasyonal pou ede l jere ensekirite a - mwen kwe li te di sa nan mwad Oktob la - e li te ranseye jounalis yo sou sa tou. Kestyon pou konnen si peyi manm yo pral apiye jefo pou mete sou pye yon fos miltinasyonal - se yon bagay kap kle le li kle. Donk nap tann gwoup peyi manm yo anonse yo antann yo sou fason yo pral pwogrese, e nou espere tout manm Konsey Sekirite a va apiye yo le sa fet. "

Nan let la, Guterres lanse apèl anko pou peyi manm yo kontribye a fos la, e pou Konsèy Sekirite a apiye deplwaman an. Li souliyen 2 opsyon potansyèl: pou LONU ta dispoze sipo lojistik pou fos miltinasyonal la ak polis Ayisyèn nan, epi pou ranfose misyon politik LONU deja genyen an Ayiti.

Jounalis yo mande potpawol Dujaric kile li kwe fos miltinasyonal la taka ale an Ayiti.

"Sipo LONU ap bay pral depann de chanjman ki fet nan manda a epi byen si sipo finansye - men sak pi enpotan an se fos ki pa fe pati LONU. Konbyen tan sa pral pran depann de peyi manm ki dako pou dirije fos la, gen plizye peyi ki eksprime entere yo epi volonte yo pou yo apiye fos la, donk nou espere jefo sa yo pouse pou pi devan pi vit posib. Antre tan nou konnen tre byen kijan ensekirite a malouk an Ayiti epi kriz imanite a tou kap deteryore pi plis chak jou akoz ensekirite a. "

Se Lezetazini ki okipe prezidans Konsey Sekirite a mwa sa a.

Anbasadris Linda Thomas-Greenfield te fe konnen nan komansman manda li ke Etazini gen entansyon prezante yon rezolisyon devan Konsey Sekirite a pou otorize fos miltinasyonal pou Ayiti a. Li poko kle, kile sa pral fet. Fok majorite manm konsey la dako anvan pou rezolisyon an antre an aplikasyon.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a. Kek enfomasyon soti nan ajans nouvel Reuters

XS
SM
MD
LG