Accessibility links

Breaking News

Mouvman 'Bwa Kale' a Koze yon Rediksyon nan Zak Vyolans Gang yo


Nertil Marcelin (a dwat) yon lide kominote ak patizan gwoup Bwa Kale a, nan Delmas, Potoprens, Ayiti, 28 Me 2023.
Nertil Marcelin (a dwat) yon lide kominote ak patizan gwoup Bwa Kale a, nan Delmas, Potoprens, Ayiti, 28 Me 2023.

Zak vyolans gang yo ap komèt an Ayiti redwi "drastikman" apre mouvman "Bwa Kale" a te kòmanse dapre gwoup CARDH, ki fè rechèch sou sityasyon dwa moun an Ayiti.

CARDH fè konnen gen omwens 160 prezime bandi ke yo touye nan kad mouvman sa a pandan mwa Avril la.

Sityasyon an nan peyi a toujou grav, kote aktivite gang yo deklanche yon kriz imanitè ki lakòz plizyè dizèn milye moun oblije kouri kite kay yo.

Pami krim gang yo komèt nou jwenn kidnaping, vyol, toupizi ak asasina.

Mouvman "Bwa Kale" a te tanmen apre sitwayen nan Pòtoprens te pann epi mete dife sou plis pase yon douzèn prezime bandi nan maten 24 Avril 2023 a.

CARDH fè konnen yo prèske pa anrejistre okenn ka kidnaping pandan mwa ki pase a, e yo konte 43 asasina ki lye ak gang yo, konpare ak 146 ke yo te anrejistre pandan premye 3 semèn mwad Avril la.

Dapre CARDH gang yo kontwole kounyea 60% nan kapital "Pòtoprens" peyi a.

Se la pi fò aktivite mouvman Bwa Kale yo ap dewoule.

CARDH fè konnen san dout apre yon mwa sèlman Bwa Kale pwodwi rezilta ki vizib, konvensan epi kreye panik ak la perèz kay bandi yo.

XS
SM
MD
LG