Accessibility links

Breaking News

Anketè nan Guyana Kwè se yon Etidyan ki Mete Dife nan Dortwa a


Nan foto sa a ke Depatman Enfomasyon Piblik Guyana pataje ak lapres, dortwa lekol sekonde nan Mahdia finn boule net, 22 Me 2023.
Nan foto sa a ke Depatman Enfomasyon Piblik Guyana pataje ak lapres, dortwa lekol sekonde nan Mahdia finn boule net, 22 Me 2023.

Anketè yo nan Guyana di yo kwè se yon etidyan ki te vekse akoz yo te konfiske telefon ni ki mete dife nan dortwa a. Nap raple gen 19 elèv - tifi pou pi fo ki te bloke andedan dortwa lekol segondè leta a e ki mouri nan ensandi a.

Sispèk la an koneksyon ak dife a ki pete Dimanch nan aswè, pami plizyè moun ki te blese nan dife a.

Mohamed Irfaan Ali se prezidan Guyana.

"Jodia se yon jou ki tris nan listwa peyi nou. Se yon jou terib, yon jou mwen espere pat janm fet. Se yon jounen gwo lapen."

Konseye sekirite nasyonal Gerald Gouveia deklare direktè lekol la te disipline elèv la akoz li te ann afè ak yon gason ki pi gran pase l. Li di etidyan an te swadizan menase pou l mete dife nan dortwa a e pi ta li te mete dife nan twalèt la.

"Sete yon koken chenn operasyon. E youn ki dewoule nan kondisyon danjre."

Guyana: Omwen 19 Timoun Mouri nan yon Dife ki Pran nan Dòtwa yon Lekòl
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:24 0:00

Gen 59 elèv ki abite nan dortwa a men se 56 sèlman ki te andedan an lè dife a pete a paske gen 3 ki tal lakay yo pou wikèn nan.

Tout eksepte pou youn nan viktim yo sete tifi Endijèn ki te gen ant 12 ak 18 an, e ki soti nan ti bouk elwaye. Lekol nan Mahdia a desèvi timoun nan vilaj sa yo ki sitye nan yon kominote kote ki gen minn tou pre fwontyè peyi Brezil.

Sekouris yo mennen blese yo nan lopital ki nan kapital la Georgetown.

Prezidan an ak responsab peyi a te obseve yon moman silans nan memwa viktim yo Lendi.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG