Accessibility links

Breaking News

Migran: Yon Nouvo Karavàn nan Sid Meksik Pran Direksyon Nò


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Plizyè milye migran ki sot pase plizyè mwa anba kòd nan sid Meksik mete tèt pou kapital meksiken an vil Meksiko nan yon nouvo karavàn pou ogmante presyon pou akselere pwosesis aplikasyon pou azil Ozetazini.

Migran sa yo ki se Venezuelyen pou pifò derape bonè dimanch 23 Avril la nan Tapachula sou fwontyè Meksik ak Gwatemala ak espwa y ap rive nan vil Meksiko nan apeprè 10 jou.

Nouvo karavàn nan gen anviwon 3 mil migran ki soti an chin, ak nan lòt peyi ann Azi dapre estimasyon otorite yo nan Tapachula. Nouvo karavàn nan demare nan moman Etazini ap prepare pou mete fen nan lwa sanitè tit 42 a 11 Me kap vini la a.

XS
SM
MD
LG