Accessibility links

Breaking News

Johnson & Johnson Dakò pou l Peye $8.9bn Kòm Reklamasyon Apre yo fè Konnen ke kèk Nan Pwodwi li yo Bay Kansè


FILE PHOTO: A bottle of Johnson's Baby Powder is seen in a photo illustration taken in New York
FILE PHOTO: A bottle of Johnson's Baby Powder is seen in a photo illustration taken in New York

Johnson & Johnson dakò pou peye 8.9 milya dola pou rezoud plizyè dizèn milye pwosè ke li gen kont li, akoz kèk pwodwi li, antwòt poud talc pou bebe a, lakòz kansè, dapre sa konpayi an di.

Kantite lajan an depase lontan premye òf J&J a ki te $2 milya dola.

Konpayi an di nan yon deklarasyon ke anviwon 60,000 moun ki fè reklamasyon yo te dakò ak pwopozisyon sila.

Yon ankèt ajans nouvèl Reuters te fè nan ane 2018 te jwenn ke J&J te konnen depi plizyè dizèn lane ke gen tès ki montre ke pwodwi li yo kèk fwa gen eleman chimik “asbestos” ki bay kansè.

Men konpayi an te kenbe chif sa yo sekrè pou piblik la ak ajans ki ap kontwole medikaman yo.

J&J te diskite pou di ke poud bebe talc li a ak lòt pwodwi li pa gen danje, ke yo pa lakòz kansè epi yo pa gen asbestos.

Konpayi an te anonse, sa gen 3 lane, ke li ap sispann vann poud bebe li yo Ozetazini ak nan Kanada akòz sa li rele "move enfòmasyon" ki ap sikile sou pwodwi a.

Apre sa li te anonse li vle sispann vann li toupatou nan mond la ane sa a.

XS
SM
MD
LG