Accessibility links

Breaking News

Samsung Pral Envesti $230 Milya nan Yon Baz Pou Fabrike Semi-Kondiktè nan Kore di Sid


Screen shot of Micro pumps and mirco tubes
Screen shot of Micro pumps and mirco tubes

Samsung Electronics Co Ltd di nan dat 15 mas ke li pral envesti apreprè 230 milya dola an 2042 pou pita, pou devlope sa gouvènman an rele pi gwo baz nan mond lan pou fabrike semi-kondiktè, nan kad yon efò pou amelyore endistri semi-kondiktè a nan Kore di Sid.

Jeyan nan elektwonik la Samsung fè konnen li gen plan envesti yon voum lajan nan sa ki ka tounen pi gran baz nan mond la pou pwodui semi-kondiktè pou òdinatè – apreprè 230 milya dola sou 20 ane ki ap vini yo.

Dapre ministè enèji nan Kore di Sid, Samsung pral bati 5 nouvo faktori pou fè semi-kondiktè.

Anons 15 mas la se yon pati kle nan plan Kore di Sid pou ranfòse sektè teknoloji a lakay li.

Samsung tounen pati esansyèl nan estrateji peyi a pou li tounen yon gwo moso nan yon domèn ke Intel domine ansanm ak TSMC nan Taiwan.

Plan sa gen ladann tou plizyè peyi nan mond la ki ap chache ranfòse kapasite yo pou fè semi-kondiktè akoz rate ki te genyen pou pwodui sa a pandan period COVID-19 la, sa ki te deranje chèn distribisyon tout bagay, soti nan telefòn entèlijan pou rive nan otomobil.

Plan sa gen ladan tou Etazini.

Mwa pase a, administrasyon Biden nan te bay kèk detay sou sa yo rele “Chips Act” – ki se yon plan finansman ki ofri dè milya dola sibvansyon pou tout konpayi ki fabrike semi-kondiktè vin envesti Ozetazini.

XS
SM
MD
LG