Accessibility links

Breaking News

Ayiti sou Ajenda Rankont Lidè CARICOM yo


Yon rankont ant Sekrete-Jeneral CARICOM nan ak Lilia Burunciuc, direkte Bank Mondyal pou rejyon Karayib la. (Foto: koutwazi CARICOM)
Yon rankont ant Sekrete-Jeneral CARICOM nan ak Lilia Burunciuc, direkte Bank Mondyal pou rejyon Karayib la. (Foto: koutwazi CARICOM)

Lidè Karayib yo rasanble jodia nan peyi Bahamas pou yon rankont kap dire 3 jou kote pami sijè yo pral diskite nou jwen sityasyon an an Ayiti.

Reyinyon an rasanble chèf gouvènman blòk CARICOM nan, ki gen 15 peyi manm e ki reprezante yon total 16 milyon moun.

Pami manm yo nou jwen: Antigua ak Barbuda, Bahamas, Barbad, Beliz, La Dominik, Grenad, Guyana, Ayiti, Jamayik, Montserrat, Sent Lusi, Sen Kitts ak Nevis, Sen Vensan ak Grenadin yo, Surinam, epi Trinidad ak Tobago.

Konferans Chèf Gouvènman CARICOM yo ap Kòmanse Mèkredi
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:56 0:00

Premye Minis Bahamas la, Philip Davis souliyen defi sityasyon Ayiti a poze pou CARICOM nan pandan yon konferans pou laprès li te bay anvan rankont la.

Ayiti fè fas ak anpil enstabilite depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021. Sa lakoz yon ogmantasyon nan zak vyolans epi enfliyans gang ame yo.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau pral patisipe nan rankont yo e Davis di Trudeau ap gade pou wè kisa gouvènman li an ka fè pou ede amelyore sityasyon Ayiti a.

Davis di kèlkeswa solisyon an fòk se Ayisyen ki pran devan e ke rès CARICOM nan ap travay pou ede fasilite rezilta sa a.

XS
SM
MD
LG