Accessibility links

Breaking News

Komite Entènasyonal La Kwa Wouj gen Gwo Kè Sote pou Sityasyon Imanitè a an Ayiti


Martin Schuepp, direkte global operasyon Komite Entenasyonal Kwa Wouj.
Martin Schuepp, direkte global operasyon Komite Entenasyonal Kwa Wouj.

Komite Entenasyonal La Kwa Wouj gen gwo kè sote pou sityasyon imanitè a an Ayiti nan moman zak vyolans gang yo ap ogmante epi epidemi kolera a reparèt.

VOA Kreyol pale ak Martin Schuepp, direktè global operasyon Komite Entenasyonal Kwa Wouj la, ki fek sot vizite Ayiti.

"Sityasyon mwen obseve pandan jou mwen pase an Ayiti yo bay gwo kè sote. Mwen te gen opotinite vizite plizyè katye nan Potoprens e bezwen twop Ayisyen ap fè fas enorm. Nou estime gen 3 milyon Ayisyen kap fè fas ak bezwen imanitè ijan akoz plizyè kriz melanje ansanm. Gen ensekirite gen zak vyolans ak zam e yo ran yon popilasyon ki te deja ap soufri, pi vilnerab.

Nou mande Direktè Schuepp kisa La Kwa Wouj ka fè pou ede Ayiti?

"Gen de bagay nou ka fè epi bagay aktè yo an Ayiti ak oganizasyon imanitè yo ka fè pou ede. Men vreman vre, ensekirite a lakoz li difisil pou gen aksè ak kèk nan katye kote moun nou vle ede yo ap viv. Sepandan, mwen te gen opotinite vizite kèk nan katye pi defavorize yo kote nap eseye apiye kominote a. Se kote nou dispoze swen medikal ijans pou popilasyon an - pou ke yo ka resevwa tretman pa egzanp si yo blese nan zak vyolans - epi nou ka evakye yo nan lot sant medikal. Met sou sa nap travay sou akse ak dlo potab, ki se yon bagay ki enpotan anpil akoz epidemi kolera a ki reparet.

Misye Schuepp di nou La Kwa Wouj ap travay pou ede prizonye Ayisyen yo tou kap soufri ak kolera. Nou va pale sou sa demen.

XS
SM
MD
LG