Accessibility links

Breaking News

Kenya: Arestasyon 6 Pwofesè Ki Fòse Elèv Fè Kòm Si Yap Fè Sèks Ak Yon Pye Bwa Kòm Pinisyon


6 pwofesè te jwenn arestasyon yo nan Kenya Jedi apre yon videyo te pibliye pou montre elèv lekòl primè tap fè simulation sèn sèksyel kòm pinisyon, yon ensidan ki te pwovoke yon gwo skandal nan peyi a.

Videyo sa a ki te dire 29 segonn ki te vin viral, kote 4 ti gason ak inifòm lekòl te pran pòz yap fè sèks ak yon pye bwa nan lakou lekòl la pandan ke pwofesè yo ap asiste. '

Nan menm videyo sa yo moun ka tande 6 pwofesè ki tap pete kout ri.

Lapolis te di ke videyo a te "ekpoze timoun sa yo ki ap fè zak endesan" zak sa te fèt nan Nyamache, yon ti vil ki sitiye a 300 km nan lwès kapital la Nairobi.

6 pwofesè, 5 fanm ak 1 gason, te jwenn arestasyon yo e "yo ap kontribye nan ankèt la", dapre sa yon rapò AFP te jwenn.

Komisyon Sèvis Pwofesè yo (TSC) te sispann 6 pwofesè yo, e li di ke videyo sa te lakòz tòti mantal ak sikolojik" pou 6 elèv yo.

Pwofesè yo gen twa semèn pou pwodwi defans a lekri pou pwoteste kont sispansyon yo.

An menm tan, yo ta dwe rete an detansyon pou 7 jou anplis jiskaske ankèt la fini.

Ensidan an te lakòz yon dezòd total sou rezo sosyal yo nan peyi a.

Minis Edikasyon an, Ezekiel Machogu, te di ke yo t ap kòmanse yon pwosedi disiplinè kont pwofesè yo e yo t ap revoke yo si yo jwenn yo koupab.

Dapre Lwa sou Ofans Seksyèl Kenya a, yon moun ki kondane akoz li te fòse yon lòt fè yon zak endesan kapab fè fas a yon pinisyon a 5 ane prizon.

XS
SM
MD
LG