Accessibility links

Breaking News

Lachin Akoste Dènye Pati nan Estasyon Espasyal Pèmanan li


China Space
China Space

Lachin sot fè akoste 3èm e dènye pati nan estasyon espasyal pèmanan li ayè madi a pou li rapouswiv yon efò ki la depi kèk dizèn lane pou li kenbe yon prezans astwonòt an pèmanans nan òbit latè, pandan konpetisyon li ak Etazini ap ogmante.

Modil Mengtian nan rive nan estasyon Tiangong bonè madi maten, dapre sa chèn televizyon chinwa CCTV di, kote li site Ajans Espasyal Chinwa pou pwogram ki gen moun.

Mengtian pati ak tout boulin nan lespas lendi apremidi, etan nan Sant Lansman Satelit Wenchang sou zile ki nan sid peyi a nan pwovens Hainan. Li te gen pou li pran 13 èd-tan pou fini misyon pou vole nan lespas la epi akoste.

Yon gwo foul fotograf amatè, moun ki fou pou lespas, ak lòt moun te gade dekolaj la etan sou yon plaj ki toupre a.

XS
SM
MD
LG