Accessibility links

Breaking News

Lame Ikrèn Repran Plis Pase 600 Lokalite


Parents of recently killed Ukrainian serviceman Ruslan Zhumaboev stand next to his grave in a cemetery during Ukraine Defenders Day in Kharkiv, Ukraine.
Parents of recently killed Ukrainian serviceman Ruslan Zhumaboev stand next to his grave in a cemetery during Ukraine Defenders Day in Kharkiv, Ukraine.

Lame Ikrèn nan repran plis pase 600 lokalite nan men fòs ris yo nan mwa ki pase a, dapre Ministè Re-entegrasyon peyi a, pandan fòs ris yo kontinye ap frape plizyè douzèn vil nan Ikrèn.

Yon afè 502 lokalite soti anba men Ris yo nan rejyon Kharkiv nan nòdès peyi a, kote fòs Ikrèn yo, mwa pase a, te vanse byen fon andan liy ris yo, e yo fè konnen yo te repran 75 lokalite nan rejyon Kherson nan ki gen anpil enpòtans estratejik, dapre sa ministè a di jedi swa.

Ministè a di Ikrèn repran 43 lokalite nan rejyon Donetsk ak 7 nan rejyon Luhansk.

Pa gen sous endepandan ki konfime rapò sa a.

XS
SM
MD
LG