Accessibility links

Breaking News

Etazini: 15 Mil Enfimyè Ap Fè Grèv


FILE - Nurse Marie-Laure Satta rests during her New Year's Eve shift in the COVID-19 intensive care unit at the la Timone hospital in Marseille, southern France, Dec. 31, 2021.
FILE - Nurse Marie-Laure Satta rests during her New Year's Eve shift in the COVID-19 intensive care unit at the la Timone hospital in Marseille, southern France, Dec. 31, 2021.

Apeprè 15 mil enfimyè k ap travay nan 16 lopital nan Eta Minnesota ak Wisconsin, ki sitiye nan nò Etazini, kòmanse yon grèv 3 jou lendi pou yo mande pi bon kondisyon travay.

Sa a se pi gwo grèv enfimyè ke sektè prive a fè, dapre sa Minnesota Nurses Association (MNA), k ap òganize mouvman an te deklare.

Yo te kenbe pankat ki di bagay tankou "Pasyan anvan pwofi". Gwoup anplwaye yo te rasanble byen bonè nan maten pou manifeste devan kèk nan etablisman konsène yo, daprè foto ak videyo gwoup la pibliye.

Yon pòtpawòl te konfime pou AFP ke mouvman an te kòmanse a 7 am nan lè lokal e yo espere kenbe grèv la jiska Jedi.

Lopital yo te planifye pou kontinye bay swen, e yo planifye pou sa pa afekte fonksyonman lopital la.

North Memorial Health Hospital, ki sitiye nan Robbinsdale, te endike sou sit wèb li ke li ka gen pou fè "kèk ajisteman pou swen ak sèvis li yo ki pa two ijan pou asire yon nivo sèvis adekwat."

2 pati yo ap negosye depi plis pase 5 mwa san yo pa rive jwenn yon akò.

MNA te di nan yon deklarasyon."Kounye a nan Minnesota, enfimyè yo gen twòp travay, lopital yo pa gen anpil anplwaye, epi fakti pasyan byen wo"

Sendika a di li vle jwenn solisyon pou pwoblèm mank anplwaye ak manadjè pandanke lopital yo vle sèlman konsantre sou salè.

Yon gwoup ki reprezante lopital yo, bò kote pa l, reklame yo te pwopoze ogmantasyon salè ki sòti nan 10% a 12% sou 3 an e enfimyè yo menm ap mande 27% a 30%.

XS
SM
MD
LG