Accessibility links

Breaking News

Trafik Zam: Lapolis Arete Kontab Legliz Episkopal Ayiti


kontab leglis espikopal dayiti
kontab leglis espikopal dayiti

Kontab Legliz Episkopal Ayiti Jean Gilles Jean Mary jwenn aretasyon l madi 23 out 2022 la nan kad dosye ki gen rapò ak trafik zam ak minisyon nan waf l'Autorité Portuaire Nationale (APN) nan. Li se youn pami plizyè moun otorite yo deja arete.

Otorite yo jistifye motiv arestasyon sa apre yo te jwenn plizyè dokiman ki date nan ane 2017 pou rive 2021 ke kontab legliz la te siyen, e ki otorize debousman lajan ki soti nan kont bank Legliz Episkopal pou transfere sou kont yon trafikan zam entènasyonal, ke DCPJ ap chèche.

Pou rapel otorite yo te arete nan kad menm dosye sa Prèt Frantz Coles, ki se manm Kongregasyon Legliz Episkopal Ayiti a, nan dat ki te 17 out 2022 a.

PNH la fè konnen pou kounyea, kontab Jean Gilles nan prizon jiskaske yo transfere l bay otorite ki konpetan pou jere dosye sa a.

XS
SM
MD
LG