Accessibility links

Breaking News

Gwo Tanpèt ap Frape Peyi LaFrans


Heavy rains in France
Heavy rains in France

Gwo tanpèt ap frape peyi LaFrans e inonde estasyon tren souteren-yo nan vil Pari, deranje trafik e gate pwogram prezidan-an. Meteo anrejistre van ki pi fò pase 60 miles a lè sou tèt tour Efèl pandan yon inondasyon rapid sanzatann madi-a.

Prezidan Emmanuel Macron ranvwaye yon seremoni pou make 2èm Gè Mondyal-la sou flèv La Manche, seremoni ke li te planifye pou ayè mèkredi-a.

Tanpèt nan sud Angletè benyen tou touris ak rezidan nan vil Lond ayè mèkredi-a apre apre yon solèy ak yon chalè ke peyi-a pa abitye genyen. Tanpèt pasi pala te pase sou peyi Bèljik tou, e youn nan yo te inonde kèk pati nan bouk Ghent ki gen yon valè istorik.

Gwo lapli sa-yo vini nan yon sezon eta ki chaje ak sechrès, vag chalè ak dife nan rak bwa nan lwès Ewòp-la, ki gen rapò, dapre kèk ekspè, ak chanjman klima-a.

XS
SM
MD
LG