Accessibility links

Breaking News

Lachin te Anonse Nouvo Mezi pou Ankouraje Fanmi yo Fè Timoun


FILE - A family looks at foreign imported milk powder products at a supermarket in Beijing, July 3, 2013.
FILE - A family looks at foreign imported milk powder products at a supermarket in Beijing, July 3, 2013.

Madi Lachin anonse nouvo mezi pou ankouraje fanmi yo fe plis timoun, paske to nesans li nan yon nivo ki pi ba ke yo janm konstate e yo prevwa ke popilasyon li a ap bese an 2025.

Peyi ki gen plis moun sou planèt la ap fè fas ak yon kriz demografik, ak yon mendèv ki aje, avek yon ekonomi ki fè yon ti ralanti ak kwasans popilasyon ki pi ba depi plizyè dizèn ane.

E menm malgre otorite yo te mete fen nan politik seve yon sèl-pitit la nan 2016, desisyon sa te pèmèt koup yo fè jiska 3 timoun, to nesans yo kontinye ap bese nan 5 ane ki sot pase yo.

Madi, ministè sante a te mande gouvènman santral ak lokal yo pou yo depanse plis nan medikaman pou sante repwodiktif e ak amelyore sèvis gadri pou timoun yo.

Popilasyon an manke jwenn sèvis sa yo nan peyi a.

Ministè a te deklare ke otorite lokal yo dwe "mete mezi aktif sipò fètilite", atravè sibvansyon, dediksyon taks ak pi bon asirans sante, osi byen ke edikasyon, lojman ak èd travay pou fanmi yo,

Pwovens yo dwe asire tou ke yo gen yon kantitesant gadri nan fen ane a pou timoun ki gen laj 2 a 3 ans.

Vil ki pi rich nan peyi Lachin yo te deja prezante prè lojman, rediksyon taks, èd edikasyonèl e menm sibvansyon pou ankouraje fanm yo fè plis timoun. Direktiv yo pibliye Madi sanble vle pwolonje politik sa a sou tout teritwa a.

Pousantaj nesans Lachin nan te tonbe ane pase a 7.52 nesans pou 1,000 moun, ki pi ba a depi dosye yo te kòmanse an 1949, lè Pati Kominis Lachin nan te fonde dapre sa Biwo Nasyonal Estatistik la di.

Dapre otorite yo lavi a ki vi chè ak yon chanjman kiltirèl an favè fanmi se pami rezon gwo bès nan koze fè timoun.

Nan kòmansman mwa Out, otorite sante yo te avèti ke popilasyon Lachin nan ap diminye apati 2025.

XS
SM
MD
LG