Accessibility links

Breaking News

Jij: Senatè Graham Dwe Fè Depozisyon Li Nan Kad Ankèt sou Eleksyon Eta Jòji a


FILE - Republican Senator Lindsey Graham speaks during a debate at the Edward M. Kennedy Institute in Boston, Massachusetts, June 13, 2022.
FILE - Republican Senator Lindsey Graham speaks during a debate at the Edward M. Kennedy Institute in Boston, Massachusetts, June 13, 2022.

Atlanta, Joji -- Nan jounen lendi 15 out la, yon jij federal ameriken deklare Senatè Lindsey Graham dwe konparèt nan vil Atlanta, nan Eta Jòji, pou l fè depozisyon li devan yon gran jiri k ap mennen ankèt sou kesyon pou konnen èske Donald Trump, lè l te prezidan, avèk alye li yo, te vyole yon lwa kèlkonk pandan yo t ap eseye ranvèse rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 an ke Trump te pèdi avèk yon maj tou mens nan eta sa a.

Avoka k ap defann Graham yo, ki se yon Repibliken, pretann ke pozisyon kliyan yo a kòm yon palmantè ba li iminite ki ta dwe anpeche l konparèt devan yon panèl anketè e yo mande jij la elimine manda koparisyon Graham resevwa a. Sepandan, Jij Leigh Martin May, k ap prezide afè a, siyen nan jounen lendi a yon lòd kote li di iminite konsènan wòl Senatè Graham kòm yon palmantè pa pwoteje li kont yon papye tenbre ki mande pou al fè depozisyon li devan yon panèl envestigatè. Manda Graham resevwa a fè li obligasyon pou l konparèt devan yon gran jiri espesyal nan dat 23 out pwochen; men obsèvatè yo atann yo aske senatè Kawolin di Sid la ale ann apèl avèk desizyon jij la.

XS
SM
MD
LG