Accessibility links

Breaking News

Lame Ikrèn Nan Rapòte Gwo Bonbadman Fòs Ris Yo nan Donbas

A crater from a Russian rocket attack Friday night is seen next to damaged homes in Kramatorsk, Donetsk region, eastern Ukraine, Aug. 13, 2022. The attack came less than a day after 11 other rockets were fired at the city, one of the two main Ukrainian-he

Lame Ikrèn nan rapòte jodi lendi a gwo bonbadman fòs ris yo nan rejyon Donbas nan lès Ikrèn ak nan kèk zòn nan sid la, tankou nan kèk bouk ki antoure Kherson ak Mykolaiv.

Rapò a ki soti nan fòs ame Ikrèn, pale tou de kout kanno ak frap aeryen nan bouk ki nan zòn lès ak sid Zaporizhzhia.

Tansyon yo wo nan alantou izin nikleyè Zaporizhzhia, kote 2 kan yo len kontinye ap akize lòt pou kout zam k ap tire toupre izin nan. LaRisi te sezi enstalasyon an nan mwa Mas pase, yon ti tan apre li te fin anvayi Ikrèn.

Gwoup k ap opere izin nan rapòte ke enstalasyon an riske vyole regleman pou radyasyon ak dife apre yon ogmantasyon nan kout wokèt, semèn pase a.

Alatèt Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la di gen « yon vrè risk pou dezas nikleyè » si batay pa sispann e si enspektè pa ka antre nan enstalasyon an.

XS
SM
MD
LG