Accessibility links

Breaking News

Reta nan Jesyon Aplikasyon pou Viza Ameriken Pi Mal depi Peryòd Atak Teworis 9/11 yo


Etranje k ap vizite Lèzetazini, kit se pou biznis, kit se pou edikasyon oubyen tourism, gen pou yo rete tann lontan anvan yo jwenn yon viza. Kek vwayajè entènasyonal rete tann ant 6 mwa ak 1 nan anvan pou yo jwenn yon dat yon randevou pou yon entèvyou, dapre done ki soti nan Depatman Deta.

David Bier, asistan direktè pou politik imigrasyon nan Enstiti Libètaryen Cato. fè konnen rezon an se fèmti pandan 2 zan aktivite sèvis viza yo nan konsila ameriken yo atravè lemond akoz pandemi KOVID-19 la.

Bier di Lavwadlamerik:

“Yo te sispann travay tou senpleman pandan peryòd KOVID-la. E se sa ki pwovoke sitiyasyon n ap konstate jodi a, ki se yon atant ki dire yon lane oubyen plis, yon reta massif ak tout lòt pwoblèm ki makònen avèk sa.”

Menmsi dire tan yon aplikan dwe rete tann varye de yon konsila a yon lòt, Bier fè konnen “se pi move sitiyasyon nou anrejistre depi peryòd septanm 2001 an.” An fèt, prske 2 zan apre atak teworis 2001 yo, yonotoritenan Depatman Deta te declare devan yon komisyon Cham de Repreznaan ki t ap òganise yon seyans depozisyon sou viza, ke “pi gwo majorite aplikasyon yo fin jere nan 3 semèn.”

Sepandan, preske 2 ane edmi apre pandemi an te kòmanse, dapre yon rapò Bier pibliye pou mwa jiyè a, genyen yon “dire manch-long 8 mwa yon moun dwe rete tann anvan pou li jwenn yon viza pou l vizite Lèzetazini pou yon peryòd ki pa depase 90 jou.”

David Bier ekri: “Nan mwa jiyè 2022 a, entèvyou pou viza etidyan te gen yon reta 49 jou –swa 5 fwa pi lon pase tan moun te rete tann anvan pandemi an. Livrezon visa pou travay tanporè mande pou yon aplikan ret tann 75 jou, alòske dire atant la sete 12 jou anvan pandemi an. Sepandan, atant ki pi long lan se pou touris avèk vwayaj biznis, ki se 247 jou, aloske anvan KOVID-la atant la sete Selman 17 jou jiska mwa mas 2020.”

XS
SM
MD
LG