Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Mo Dòd Grev Jeneral ki te Lanse pou Lendi Pa Respekte


Foto Achiv: Yon manifestan kenbe yon pannkat pandan yon manifestasyon kont gouvenman an nan Potoprens, 28 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Yon manifestan kenbe yon pannkat pandan yon manifestasyon kont gouvenman an nan Potoprens, 28 Jiye, 2022.

Yon mo d'òd grev jeneral ki te lanse pou Dimanch, Lendi ak Madi semen sa a nan Pòtoprens pa respekte.

Korespondan nou nan kapital Ayisyen nan, Renan Toussaint di nou okenn moun pa pran lari Lendi pou pwoteste.

Renan di nou menm moun ki te òganize mobilizasyon an pat prezan.

Mobilizasyon sa a te gen kòm bi pou pwoteste kont ensekirite, kidnapping ak sa yo konsidere tankou move gouvènans Premye Minis Ariel Henry.

XS
SM
MD
LG