Accessibility links

Breaking News

Chantèz Amerikèn Donna Summer, Rèn Mizik Disko, Mouri Jedi 17 Me 2012 la


Donna Summer sou sèn nan yon konsè aprè seremoni remiz Pri Nobel Lapè a nan vil Oslo
Donna Summer sou sèn nan yon konsè aprè seremoni remiz Pri Nobel Lapè a nan vil Oslo
Se avèk tristès nap anonse lanmò rèn Mizik Disko a, Donna Summer. Enfòmasyon sa a jwenn konfimasyon sit entènèt ki bay detay sou lavi lavi selebrite yo, an palan de TMZ.

Chantez amerikèn Donna Summer
Chantez amerikèn Donna Summer
Sòti nan ane 1975 pou rive nan ane 1980, Donna Summer (vrè non li se Adrienne Gaines) te okipe pòs Rèn Mizik Disko a, kote manmzèl tap anrejistre mizik disko sou mizik disko avèk 2 kolaboratè li, Giorgio Moroder ak Pete Bellote. Sepandan, kom tout bagay –menm bagay ki pi bon an-- toujou genyen yon fen, nan moman ane 70 yo ta pral pase e disparèt, estil mizik disko a tap fane tou pou l te fin pa dispatèt nan gou ak preferans piblik dansan an. Sa te vin kite Donna Summer nan yon pozisyon kote non sèlman li te gen pou montre li kapab fè plis bagay ke chante mizik disko ; men li te genyen pou fè wè tou li te kapab kontinye yon karyè nan mond mizikal la. Se konsa li ta pral fèmen ane 1980 an avèk piblikasyon yon nouvo albòm ki te rele The Wanderer ki te plis rapwoche de stil Rock la ke de stil disko a.

Menm lè « The Wanderer » te vin genyen anpil fanatik, malerezman li pat ranpòte menm siksè ak 2 albòm Donna te pibliye anvan yo… epi, --sa k pi enpòtan toujou-- li pat satisfè esperans nouvo lebèl vedèt la, nap pale de Geffen Records. Alòs, nan ane 1981, lè Donna Summer ak ekip li a te vini ak sa n te ka konsidere kòm yon suit pou The Wanderer, Geffen Records pat tèlman chofe pou l te asosye non l ak nouvo albòm nan. Pwojè nap pale la a te rele I am a Rainbow. Sete yon albòm ki te zipoze genyen 2 plak ladan n ; e, si l te parèt nan dat chantéz la te vle pibliye l la, li te kapab montre divès lòt fasèt talan atis Donna Summer. Sete, an menm tan, dènye travay kolaborasyon ant vedèt la, Giorgio Moroder avèk Pete Bellotte; konsa, nan yon sèten sans, sa te reprezante vrèman fen tout yon epòk.

Donna Summer (Adrienne Gaines) mouri jedi 17 jen 2012 la nan Eta Florid anba maladi kansè. Li te pran nesans nan ane 1948 ; li ta pral genyen 64 tran.
XS
SM
MD
LG