Accessibility links

Breaking News

Ameriken Ki Te Aplike pou Benefis Chomaj Semèn Pase a Se Pi Gwo Kantite a nan 8 Mwa


A worker removes the last public payphone near Times Square in New York City, May 23, 2022.
A worker removes the last public payphone near Times Square in New York City, May 23, 2022.

Kantite ameriken ki te aplike pou benefis chomaj semèn pase a te rive nan nivo ki pi wo a depi plis pase 8 mwa, sa ki sanble ak yon siyn ki ta di kòmkwa mache travay la ap bese.

Aplikasyon pou asistans chomaj pou semèn ki te fini nan dat samdi 16 jiyè a te anrejistre yon ogmantasyon 7 mil pou l monte rive 251 mil chomè, konpare ak chif semèn avan an ki te 244 mil, dapre yon rapò Depamtan Travay la pibliye jedi 21 jiyè a. Se pi gwo kantite aplikasyon an depi dat 13 novnam 2021 kote kantite Ameiken ki te aplike pou benefis chomaj te rive nan chif 265 mil.

Analis ki evalye done yo pou konpayi Fact-Set te prevwa kantite a pou semèn pase a t ap rive nan chif 242 mil, e non pa 251 mil ke li ye an reyalite. An jeneral, moun ki aplike pou la premyè fwa pou benefis chomaj yo se moun ki revoke nan travay yo.

XS
SM
MD
LG