Accessibility links

Breaking News

Moun Pòtoriko Pran Lari pou Manifeste Kont Konpayi Elektrisite a


Manifestan Potoriko pwoteste kont konpayi elektrisite Luma Energy devan Capitol la nan San Juan, Mekredi 20 Jiye, 2022.
Manifestan Potoriko pwoteste kont konpayi elektrisite Luma Energy devan Capitol la nan San Juan, Mekredi 20 Jiye, 2022.

Dè milye manifestan pran lari San Juan Mekredi pou pwoteste kont ogmantasyon nan pri elektrisite ak lòt politik ki gen rapo ak enèji.

Militan ki reprezante plizyè gwoup - pami yo Mouvman Viktwa Sitwayen yo ak Alyans Enèji a, te rasanble devan bilding Capitol la anvan yo te mache al nan rezidans gouvènè a.

Manifestan yo te kenbe pannkat ki joure konpayi Luma Energy, yon konpayi prive ki ap jere distribisyon Elektrisite Potoriko depi ane pase a.

Manifestan yo te pwofite manifestasyon an pou mande gouvènè Pedro Pierluisi pou'l anile kontra Luma a.

XS
SM
MD
LG