Accessibility links

Breaking News

NASA Pibliye Premye Imaj ki Soti Nan Nouvo Teleskop Espasyal li

This image provided by NASA on Monday, July 11, 2022, shows galaxy cluster SMACS 0723, captured by the James Webb Space Telescope. The telescope is designed to peer back so far that scientists can get a glimpse of the dawn of the universe about 13.7 billi

Ajans espasyal Etazini an pibliye premye imaj ki soti nan nouvo teleskop espasyal li - yon imaj an koulè ki moutre etwal yo ak galaxi yo, e se premye fwa moun wè imaj ki soti fon konsa nan lespas.

Nan yon konferans pou laprès lendi nan Mezon Blanch pou devwale imaj NASA a, Prezidan Etazini Joe Biden di teleskop la se "yon nouvo fenèt nan istwa inivè nou an."

Teleskop James Webb la ki koute $10 milya, se teleskop ki pi gwo e pi pwisan ki janm ale nan lespas.

Li tèlman gen presizyon, dapre administratè NASA Bill Nelson, li ka wè konpozisyon chimik planèt yo byen fon nan lespas e detèmine si yo abitab ou non.

NASA te lanse teleskop la 25 Desanm etan nan Guiyàn fransèz nan Amerik di Sid, e li te vwayaje 1 milyon 600,000 kilomèt distans ak tè a anvan li te ka pran imaj.

XS
SM
MD
LG