Accessibility links

Breaking News

Avoka Gouvènman Ameriken nan Massachusetts Kite Tonbe Pwosè Kont Ayisyen Boncy ak Baptiste


Rachael S. Rollins, avoka gouvènman Ameriken nan distri Massachusetts la pibliye yon deklarasyon Lendi 27 Jyen kote li fè konnen Lèzetazini ap kite tonbe pwosè li tap mennen kont Ayisyen Joseph Baptiste ak Roger Boncy.

"Jodia ranvwa akizasyon kriminèl kont Joseph Baptiste ak Roger Boncy se rezilta kominikasyon nou dekouvri sa pa gen lontan konsènan apèl ki te anrejistre 19 Desanm 2015 ant akize Boncy ak yon ajan FBI ki tap travay anba chal," Madan Rollins fè konnen. "Avoka gouvènman an pat janm o kouran kominikasyon sa yo juska 23 Jyen nan aswè. Met sou sa, FBI pa gen anrejistreman orijinal li te fè de apèl 19 Desanm 2015 yo. "

Not pou laprès la fè konnen akize yo te konparèt devan tribinal an 2019, e yon jiri te jwenn yo koupab. Jij ki te prezide pwosè a te akòde demann yo te fè pou anile desizyon an akoz avoka ki tap defann yo pat efikas.

Tribinal la te akòde yo yon nouvo pwosè. Pandan yo tap fè preparasyon pou nouvo pwosè sa a e pou reponn demann avoka defans la te fè, FBI te vinn dekouvri sa pa gen lontan, prèv ke yo te remèt bay avoka akizasyon yo nan fen semèn pase a, e avoka defans yo te remèt yo bay defans la yon jou apre.

"Antanke reprezantan gouvènman an, desizyon nou gen gwo enpak sou lavi moun. Nou gen obligasyon pou'n prezante tout prèv ki nan posesyon nou bay avoka defans la. Se yon prensip fondamantal sistèm legal kriminèl la. Apre nou finn revize tout fè yo, nou deside kite akizasyon yo tonbe, nan enterè la jistis," Avoka Rollins deklare.

Nap raple ke la jistis Ameriken te akize Roger Richard Boncy yon sitwayen Ayisyen-Ameriken ki tap viv nan vil Madrid ann Espay dèske li tap konplote pou'l peye responsab wo plase Ayisyen an koneksyon ak yon pwojè devlopman pò ki te vo $84 million epi apre sa blanchi lajan an. Yo te akize ansanm ak Boncy dantis Ayisyen Joseph Baptiste.

Akizasyon an di Boncy ak Baptiste te eseye bay ajan FBI ki te pran pòz envestisè lajan anba tab an koneksyon ak yon pwojè pou devlope yon po nan zon Mole St. Nicolas ann Ayiti.

Pwosè mesye yo te dewoule nan Boston, paske rankont ki te pwen santral akizasyon an te dewoule nan yon otel nan Boston.

XS
SM
MD
LG