Accessibility links

Breaking News

Lanmò Maradona: Lajistis Pral Jije 8 Pwofesyonèl Pou Omisid


Diego Maradona
Diego Maradona

Apre otorite yo te mete on fen nan ankèt sou lanmò Maradona, ki te gen 60 an e ki te mouri nan ane 2020, yon jij nan peyi Ajantin anonse ke 8 pwofesyonèl lasante yo pral jije pou omisid envolontè .

Yon jij San Isidro te konfime pwosè kont pwofesyonèl sa yo, ki gen ladan yon nerochirijyen ak yon doktè fanmi, yon doktè klinik, yon sikyat, yon sikològ.

Lajistis te mande jijman sa a nan mwa avril, e lonje dwèt sou enpèfeksyon ak neglijans nan swen ansyen ke sipèta a te jwenn.

Maradona te mouri ak yon atak kadyo-respiratwa nan dat 25 novanm 2020, pou kont li, sou kabann medikal li nan yon rezidans ki sitiye nan nò Buenos Aires. Li te soufri ak pwoblèm ren ak pwoblèm fwa.

Y ap jije 8 sispèk yo pou "omisid envolontè ", yon ofans ki karakterize lè yon moun komèt neglijans e li konnen sa lakòz lanmò yon moun.

Yo riske pou yo jwenn yon santans ant 8 ak 25 ane nan prizon.

Yon rapò ekspè, nan kad ankèt la, te konkli ke ansyen jwè a te "kite nan sò li" pa ekip medikal li a.

Sikològ, doktè oswa enfimyè, ak tout sispèk yo te gen tout pandan odyans yo, pou yo defann aksyon yo, nan kad domèn yo ak konpetans yo, lè yo te ap bay sispèta a swen.

Leopoldo Luque, ki se youn nan doktè ki te asiste Maradona di ke li te "fyè de sa (li) te fè", reklame ke li te "eseye ede" Maradona.

Pa gen Okenn dat ki bay kilè pwosè a ap fèt.

XS
SM
MD
LG